Kisa ki Azil?

Kisa ki Azil?

Azil se yon pwoteksyon espesyal yon peyi bay moun ki oblije kouri kite peyi yo akoz yo sibi pèsekisyon oswa yo gen gwo krent pou yo sibi l. Lè yon moun mande azil, sa vle di li ap chèche refij legal nan yon lòt peyi paske lavi li, libète li, oswa sekirite li an danje lakay li.

  • Konvansyon 1951 sou Refijye ak Pwotokòl 1967.

  • Lwa Imigrasyon ak Nasyonalite (INA) nan Etazini.
    Lwa sa yo rekonèt dwa chak moun pou chèche pwoteksyon kont pèsekisyon.

Yon demann azil dwe gen rapò ak pèsekisyon ki soti nan youn nan 5 kategori sa yo:

  1. Ras

  2. Relijyon

  3. Nasyonalite

  4. Opinyon politik

  5. Manm nan yon gwoup sosyal patikilye——————————

  6. Nòt espesyal sou CAT (Convention Against Torture):

    • Si yon moun pa antre nan youn nan 5 kategori yo (Ras, Relijyon, Nasyonalite, Opinyon politik, oswa Gwoup sosyal patikilye), li ka toujou mande pwoteksyon anba CAT.

    • Men li enpòtan pou konprann: Si ou sèlman chwazi CAT, sa vle di ou pa ap mande azil sou 5 baz prensipal yo. Ou sèlman ap chèche pwoteksyon paske ou gen yon gwo risk pou w sibi tòti oswa tretman mechan si yo voye w tounen nan peyi w.

    • Diferans lan se:

      • Azil: dwe baze sou youn nan 5 kategori yo epi li ouvè pòt pou w jwenn Green Card apre 1 ane.

      • CAT: pa mande okenn nan 5 kategori yo, men li sèlman pwoteje kont depòtasyon. Li pi limite e li pa bay Green Card fasil.

  • Refijye: Moun ki deyò peyi yo e ki mande pwoteksyon anvan yo antre nan Etazini.

  • Azilan: Moun ki deja nan Etazini oswa sou fwontyè a e ki depoze yon demann azil.

  • Ranpli Fòm I-589 (“Application for Asylum and Withholding of Removal”).

  • Fè yon entèvyou ak USCIS (ka afimatif) oswa devan yon Jij Imigrasyon (ka defansif).

  • Prezante prèv (temwayaj, dokiman, foto, rapò, elatriye).

  • Resevwa yon desizyon (yo akòde azil, refize l, oswa voye ka a pou plis tande).

  • Rete legalman Ozetazini.

  • Gen dwa travay menm le azil ou pending (EAD / I-765).

  • Jwenn sèten benefis piblik.

  • Voye cheche  mari/madanm ak pitit ki gen  21 ane omwens vini viv ak ou Ozetazini.

  • Aplike pou Green Card apre 1 ane.

  • Respekte lwa peyi ki akòde azil la.

  • Pa tounen nan peyi kote yo te pèsekite w la san konsèy avoka ou. 

  • Renouvle dokiman yo alè.

  • Ou dwe depoze nan 1 ane depi ou antre nan Etazini. Sa rele One-Year Filing Deadline.

  • Si ou pa respekte delè sa a, yo ka refize ka ou sèlman sou baz reta.

Men eksepsyon ki ka pèmèt ou depoze apre 1 ane:

  1. Chanjman nan sikonstans

    • Egzanp: sitiyasyon nan peyi w vin pi danjere apre ou antre, oswa gen nouvo menas pèsonèl.

  2. Sikonstans eksepsyonèl

    • Egzanp: maladi grav, pwoblèm mantal, oswa si ou se yon timoun minè ki pa t kapab depoze nan delè a.

  3. Lòt estati legal

    • Si ou te gen TPS, viza etidyan, viza vizitè, oswa yon lòt estati legal pandan 1 ane a, lwa rekonèt sa kòm “ekstraòdinè” ki ka jistifye reta.

    • Men ou dwe depoze pi vit apre estati sa fini.

  • Twòp aplikasyon nan menm tan (backlog).

  • Pa gen ase ajan USCIS oswa Jij Imigrasyon pou trete tout dosye yo.

  • Gen ka ki bezwen plis prèv oswa entèprèt, sa rann pwosesis la pi long.

Chif enpòtan:

  • Nan 2025, gen plis pase 3.6 milyon ka ouvè nan tribinal imigrasyon, ak prèske 2 milyon ladan yo ki se aplikasyon azil.

  • Rapò yo montre yon ka azil ka pran an mwayèn 4 ane, men gen moun ki pase 10 ane ap tann yon desizyon final.

 Nòt enpòtan:
Pandan tout tan aplikasyon azil ou an ap pending—menm si sa pran 5 an, 7 an, oswa menm 10 an—

  • Ou ka toujou renouvle kat travay ou (EAD / I-765).

  • Ou ka travay legalman, peye taks, epi fè tout sa lalwa mande pandan ou ap tann desizyon final la. Nouvo lwa H.R.1 anonse chak ane azil la rete pending USCIS ap chaje $100 pou chak ane.

  • Wi, men sèlman aple ou jwen kat travay ou. Ou ka aplike pou yon kat travay C08 150 jou apre azil ou an pending (toutotan pa gen yon desizyon final), men kat sa ou ta dwe jwenn li apre 30 jou (Possible Experdite Request if it takes longer than 30 days).

Non. Bay manti oswa fo enfòmasyon nan yon demann azil ka fè yo refize dosye a epi fè ou pèdi lòt benefis imigrasyon nan lavni. Se sa ki fe li enpotan pou ou konnen tout sa ki di nan statement (affidavit) ou an, ann nou serye ou pa ka te di yon bagay nan statement apre pou di yon lòt bagay. Web509 konseye nou evite move pratik ni bay moun ekri istwa pou nou, pou evite tonbe nan pwoblem ak lwa sou Imigrasyon. (INA).


Tout enfòmasyon ki pataje nan paj sa a fèt pou edike ak enfòmasyon jeneral sèlman. Li pa konsidere kòm konsèy legal ni kòm yon ranplasman pou asistans yon avoka oswa yon reprezantan akredite devan USCIS oswa tribinal imigrasyon.

Si ou bezwen èd sou dosye pèsonèl ou oswa gen kesyon sou sitiyasyon imigrasyon ou, ou dwe konsilte yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan legalman akredite.

Web509 ak otè paj sa a pa responsab pou okenn konsekans legal ki sòti nan itilizasyon enfòmasyon sa yo san konsèy pwofesyonèl.



All information provided on this page is for educational and general informational purposes only. It does not constitute legal advice and should not be relied upon as a substitute for guidance from a licensed attorney or an accredited representative before USCIS or the immigration courts.

If you require assistance with your personal case or have questions regarding your immigration status, you should consult a licensed immigration attorney or a legally accredited representative.

Web509 and the author of this page assume no responsibility for any legal consequences resulting from the use of this information without professional guidance.

INA §208, 8 U.S.C. §1158 – Lwa ki tabli dwa pou mande azil ak limit 1 ane.

  • INA §101(a)(42), 8 U.S.C. §1101(a)(42) – Definisyon “refijye” ak 5 baz pèsekisyon yo.

  • INA §208(d)(6) – Règleman sou aplikasyon azil ki “frivolous” (manti entansyonèl).

  • 8 C.F.R. §208.4(a)(5)(iv) – Eksepsyon pou reta, tankou TPS oswa lòt estati legal.

  • 8 C.F.R. §§ 208.16–18 – Pwoteksyon anba Convention Against Torture (CAT).

  • 8 C.F.R. §208.7(a) – Dwa pou mande kat travay (EAD) apre 150 jou.

  • INA §208(c)(2) – Rezon ki ka mennen nan revokasyon azil.

Sous done sou backlog ak estatistik:

  • TRAC Immigration (Syracuse Univ.) – trac.syr.edu

  • USCIS Asylum Division Reports – uscis.gov

  • GAO & Migration Policy Institute – Rapò sou reta ak backlog (3.6M+ ka, tan mwayèn 4+ ane).